Rekòt Bouki ak Malis
Tonton Bouki ak Ti Malis te chita sou yon pye kokoye ki te kouche sou yon mòso zèb sou bò lanmè. Tan pou solèy la kouche t ap pwoche piti piti. Yon ti van t ap fè fèy pye kokoye yo chante tankou yon son chacha ki vin marye ak kadans vag yo. Nan dousè bèl anbyans sa a, yon moun te gendwa pa tande ki sa Malis t ap di Bouki si li pa t bò kote yo. Men l te klè se te gwo koze ! Malis t ap bay monkonpè l yon istwa ak plis enèji pase yon gwo aktè teyat. Grenn espektatè li a t ap swiv istwa a ak anpil atansyon. Figi Bouki vin di, si tèlman l ap redi pou l konprann sa Malis t ap di l. Lè Malis fini monològ li a, Bouki vire je l sou yon objè ki te nan men l.
Kyèt ! Bouki mete men l sou bouch li. Li gentan ap gade mezi lajan l ap ka fè. Donk si mwen kite telefòn mwen bò kot machann nan pandan jounen an, l ap rale tout ti rès kòb moun ap voye ba li pa telefòn ?
Telefòn sa a, se te yon esmatfòn Bouki t achte ak kòb li te fè nan vann dènye rekòt li. Yon gwo konpayi makèt lavil te achte pi fò nan rekòt lan pou anpil lajan. Sa te fè kè Bouki kontan anpil ! Men ti kominote kote li menm ak Malis te rete a t ap soufri a kòz desizyon sa a. Pa t gen anpil teren agrikòl nan zòn nan, e pa Bouki a te pi bon e pi laj pase tout lòt yo. Plizyè nan manm kominote a te gen abitid ede Bouki travay tè a. Plis nan yo toujou te gen abitid achte sa yo te bezwen nan men l san yo pa peye twò chè. Kounye a, men Bouki te lage yo nan achte pwodwi lavil byen chè. Ti Malis li menm, li te twò entelijan pou sa. Entelijans li te toujou fè l jwenn on jan pou l pran avantaj yon sitiyasyon. Sitou si se yon avantaj sou gwo visye ki rele Bouki a. Sèl on ti ankourajman ki te rete pou egare a kwè nan manti Malis t ap bay li a.
Bon mwen di w ! Se menm jan ou ka sezi yon boul k ap pase anlè tèt ou... PAP ! Ti Malis fè kòmsi l ap atrap yon boul anlè tèt Bouki. Men atansyon wi ! Piga w ret kanpe tou pre a, machann nan ap wè w ! Annik kite telefòn nan epiii...
hhhmmmmMMMMMMMMMM !!! Premye bagay yo tande a se yon gwonnman ki sòti lwen, e ki t ap vin pi fò ak chak segond ki pase. Yo santi yon vibrasyon, kòmsi yon kamyon t ap pase tou pre yo. Anvan anyen, vibrasyon sila a tounen yon sekous ki fè tout pye bwa, wòch, ak tè alawonnbadè pran danse. Ak kè sote, 2 konpè yo kouri leve pou yo chape. Pandan l ap kouri a Bouki peze telefòn nan sou pwatrin li ak de men l pou l pa pedi l. Chemiz malere a preske chire nan men Malis ki t ap bat pou Bouki pa kite l deyè. Malerezman pou yo, nan distans kèk mèt devan yo a, tè k ap danse a fè yon sèl vole pou li bare wout yo. Yon seri pyè presyez soti nan eksplozyon tè sa pou yo kouvri atè a tankou yon tapi. Melanje ak tè a, dife leve sòti nan fon latè pou l simaye zetwal nan syèl la tankou fedatifis. Sèn sila a te tèlman byen fèt, san 2 espektatè yo pa rann yo kont, grenn je yo al tonbe sou yon kò ki te nan mitan tout festivite sa a.
Bouch Bouki ret louvri men lajè !!! Kò yon fanm nwa te kanpe devan l, wo kou yon kay, ak yon po nwè tankou tè Bouki te bezwen jwenn pou l met sou teren l lan. Ata Ti Malis pran nan sezisman. Li pa t ka konprann èt ki te devan l lan, ak cheve rasta plen dyaman tout kalite koulè. San yo youn pa reyalize, yo te met ajenou devan prezans sila a. Je yo te kole sou li. Pandan l ap leve figi l pou l gade yo, cheve l briye kòmsi yo te chaje ak zetwal vivan. Je ki tonbe sou Malis ak Bouki yo te wouj tankou je moun ki vide tout dlo yo te gen pou vide. Men, je sa yo te gen yon dife anndan yo ki pèse nanm 2 konpè yo. Tout atansyon yo te branche sou li lè li kòmanse pale...
Jan Sòt, Jan Lespri…
Vwa l te pote pwisans latè. Ou ta di ou t ap koute yon mòn k ap grandi. Yon bas pi pwofon pase nenpòt wòch, ki kouvri ak yon bèl melodi. Se te chante tout lavi, tout dlo, tout fèy ak branch bwa, tout ti bèt, tout gwo bèt mòn nan te pote. San yo pa t janm tande non sa yo, de konpè yo te rekònèt yo nan fon kè yo.
Pandan anpil tan, nou jwe san n pa konsyan de jwèt n ap jwe a. Aksyon nou yo simaye grenn san n pa panse ak ki fwi grenn sila a yo ap pote.
Van an tonbe chante, li met dife nan kè foul ki te rasanble pou gwo evènman sila a. Tout zèb ak ti touf bwa bat bravo. Gwo pye bwa yo souke tout fèy yo. Yo detire longè kò yo pou yo pouse yon chante ki ant plenyen ak soulajman. Yon koral zwazo kòmanse lage esklamasyon: Sa k ap pyafe ak kè kontan, sa k ap deplwaye gòj yo pou vide akizayon, oubyen ankò sa k ap avili 2 akize yo. Yon bourik ak 2 chen ki te tou pre a rajoute rèl yo nan kakofoni an. Pandan tan sa a, nan tout ti kwen espas la... ensèk yo t ap kontinye travay yo pandan metrès seremoni a t ap rekòmanse diskou li a.
Mwen vin anonse rekòt la... Pwochèn pati jwèt la pral kòmanse.
Li vire gade solèy la ki t ap glise tou dousman dèyè mòn yo. Solèy la t ap bay syèl la yon ti tent wouj. Nan yon segonn, limyè a limen dife nan tout pye bwa ki te sou tèt mòn yo. Syèl la kòmanse pran yon koulè san. Pandan zye l pèdi sou tèt mòn yo k ap boule, li kontinye pale...
Men yo... Timoun nou yo... K ap swiv zansèt nou...
Lè li vire gade Bouki, figi l te si, kòmsi aparans Bouki t ap ba l kè plen. Nonm nan pa t konprann menm. Jan l te wè èt ki te devan l nan te bè l, pou l ap gade ak tout meprizay sa a. Bouki pèdi tout konfyans li te genyen nan fason li wè lavi a. Nan konfizyon l, verite ki te nan pawòl ki swiv yo frape Bouki ak tout fòs.
Zonbi yo, ki kwè yo twò sòt pou yo pran responsablite pou pwòp desizyon pa yo...
Li vire je l sou Ti Malis, e sèl sa Ti Malis te ka wè se laraj. Yon ti kri chape nan bouch malere a pandan li vire je l lòtbò. Nòmalman li t ap gentan vire fòt la sou Bouki, men li pa t gen odas pou l fè sa kounya. Laperèz li pa t ka sove l devan verite ki te pral ekspoze devan l lan.
... Ak lougawou yo, ki kwè pouvwa yo ba yo jistifikasyon pou yo mache sou tout sa yo rele “lòt”...
Apre li fin prezante akizasyon yo, prezans lan resantre l. Li mete de men l ansanm, li fèmen je l, epi li bese tèt li pou yon ti lapriyè.
... Ak tout rès tras tan lontan. Yon blesi k ap gangrennen pandan abondans lavi ak mwayen vin mele ak manke kè ak konsyans. Sèl remèd la... Linyon ...
Apre yon moman silans, li leve figi l ak tout dan l deyò, li kontan kou lamarye. Pasyon t ap briye anndan je l ak yon kèkal kontradiktwa. Koulè yo ta fè w panse ou potko janm konn sa ki wouj vre.
Bon rekòt !
Tankou yon flach, je l enprime nan je Malis ak Bouki, pandan tout rès vizyon yo vin nwè kou lanwit. Lè je yo vin reyabitye ak limyè solèy la, 2 nèg yo reyalize fòm devan yo a te disparèt. Nan plas nwasè kò l, sèl sa yo te ka wè se fènwa yon raje. Tout ti dyaman ki te nan cheve l te tounen yon bann je ki t ap veye yo nan fon raje a.
Souf Malis te kout, laperèz t ap koke l ak pasyon. Batman kè l t ap rezonnen nan tout kò l, men, menm yon dwèt li pa t ka bouje. Nan lespri l, li gentan wè djab yo k ap dechèpiye l, k ap rache l pou yo manje tout ti mòso kò l. Se yon istwa djab anndan kè l t ap ekri ak tout entelijans yo, yon kont laterè ki fèt ak detwa kras enfòmasyon reyèl. Nan fon lanfè sa a, je l kouri chache yon benediksyon ki ta sove l.
Dlo t ap kouri sot nan je l. Bouki te resevwa bo lanmò. Li t ap reflechi ak fòm divin ki te fèk devan l lan. Jiskaprezan li te ka santi je wouj yo ki t ap pèse nanm li ak meprizay. Men li te ka santi lanmou tou, yon lanmou kèkal tankou lanwit. Nan yon moman, wont Bouki, krent li, dezespwa l, tout fonn devan flanm lanmou sa a. Bouki te ka santi fredi ki te jistifye chalè nanm li. Li te ka santi pwofondè inyorans li, yon pwofondè kote imaj tout sa l te janm vle te soti. Anfen, li te rekonèt mezi estipidite l, tout idantite l.
Konfizyon frape Ti Malis lè li wè lanmou nan je Bouki. Pou valè fwa Malis itilize sa Bouki renmen pou manipile l, se sèl opòtinite sa li te ka rekonèt nan moman an. Nan konfizyon li, li lage kò l nan abitid li...
‘Ton Bouki, ou tande l ! Se timoun nou yo ye ! Fò nou ede yo !
Panik fè de men l vole kenbe kòlèt Bouki rèd. Feblès kè l fè Malis dezespere. Nan dezespwa l, li t ap chache pran konfyans li wè nan je Bouki yo pou pwòp tèt li.
M konn sa yo bezwen ! Gen moun lòtbò dlo ki gen zouti pwisan anpil ! Yon pwisans yo vòlè nan men nou ! M ap mennen zouti sa yo tounen ! Nou tout ap viv tankou wa !
Bouki pa t vreman konprann sou ki sa Malis t ap pale. Men li te abitye pa konprann. Pandan li pandye nan kòlèt li, Malis pale nan zòrèy li.
Men, sa yo vrèman bezwen... se yon chèf. Yon ewo. Yon gid... Ou menm yo bezwen ! Prezidan yo !
Kapon an apèn fin di sa, li pouse Bouki pou l kouri nan direksyon plaj la. Nan prese li manke tonbe plizyè fwa, men li kontinye kouri pou l met distans ant li menm ak raje a, ak tout demon ki te anndan l yo. Ak yon ti rès souf li rele di Bouki:
Kenbe la monkonpè ! M ap tounen ak delivrans nou merite a !
Bouki ret kanpe la, san l pa reyaji, je l t ap swiv kanmarad li. Yon kanmarad li pataje yon pil istwa ak li. Sou plaj la, Malis jwenn yon ti kannòt kouche sou sab la. Nan gwo redi, li pouse vye bwa fouye a sou sab la, jouk li rantre nan dlo a. Lè dlo a depase senti l, li vole monte nan kannòt la, e li tonbe chache tout anndan bato a pou l jwenn kèk zaviwon li te ka itilize. Antanke sèl temwen gwo kouri sa a, Bouki gade lanmè a pote Ti Malis ale. Jiskaprezan lanmou t ap kouri nan tout kò l, chak respirasyon l te yon souf ki nouri yon flanm ki t ap grandi. Sèl sa Bouki te vle se pou li viv moman sa a konplètman. Nan lonè prezans ki te beni l jou sa a, li vire pou l fè fas ak dife ki t ap kouri sou tèt mòn yo. Fènwa a te sòti kite raje a pou l kòmanse ranpe nan direksyon l. Lè li rive nan pye Bouki, fènwa a kòmanse monte sou li. Nan inyorans li, Bouki kite mas fènwa a monte longè kò l. Lanwit koule sou li ak tout fredi, tout krent, tout vyolans ak soufrans tenèb yo t ap pote. Pandan yon segonn etènèl, fènwa a vale l nèt. Nan espas dezespwa sa a, modesti ki te fleri nan kè Bouki a akouche yon radyans lemonn potko janm wè.
Lespri Malis t ap kouri nan tout sans pandan li t ap rame. Tout sa ki te mennen l kote l te ye jodi a t ap melanje nan tèt li ak tout sa demen te ka pote. Ak tout entelijans li, li te konnen te gen yon solisyon egzak ki t ap pèmèt li kontwole sitiyasyon an. Yon asirans ki t ap pèmèt li kè pòpòz, alèz. Omwen li te gentan chape. Sa k konnen ki pinisyon malefik djab sa yo t apral vide sou li. Tout sa te dèyè do l kounye a. Yon tè san pwoblèm t ap tann li. Yon lavi miyò, yon lavi pezib. Pa t gen anyen isit la pou li ankò ! Ni anyen... ni pèsòn... Li vire sèk pou l jete yon dènye kout je sou pati nanm li, li te kwè li te prèt pou l kite dèyè. Solèy la te fin kouche. Lanwit te vale tout ti kwen tè ak dlo an fas li... Sòf yon kote, devan yon pye kokoye ki te kouche sou yon mòso zèb... La, yon dife dimil koulè t ap danse ak zetwal yo. Djab ak fantom ki te fè l pran kouri yo t ap divèti yo otou dife a. Yon gwo mas labou plen pwèl t ap bat plizyè tanbou alafwa ak yon dizèn bra epi anpil pasyon. Yon pil kokorat t ap pran plezi yo atè a tankou yon tapi vivan tou klere. Plizyè demon malfòme t ap danse nan foul nan. Kèk t ap soufle nan siflèt ak vouvouzela. Kèk lòt te gen boutèy vid oubyen vye graj nan yon men ak yon ti baton fè nan lòt la. Jouk kote Ti Malis te ye a, li te ka tande mizik yo t ap jwe a tou piti. Li te sonnen tankou yon melanj yon bann bwi, malgre sa, li te ka santi kadans lan mache nan san l. Youn nan demon yo te klèman sou koulè. Li t ap mache kou yon kokobe, ak yon boutèy nan men l. Rive yon moman li panche sou do pou l fon kage... epi li etire kou l devan pou li krache yon gwo flam koulè lakansyèl ! Ti Malis pa t konn sa pou l panse de espektak sa a. Zèt sovaj sa yo t ap demontre yon sansiblite ak apresyason pou mizik, dans, ak kilti malgre aparans yo. Yo te gen plis imanite pase sa li ta janm panse. Se kòmsi li t ap gade yon tribi, yon fanmi ki t ap selebre ansanm. Yo t ap selebre bèlte dife a, yon bèlte Ti Malis te ka rekonèt. Li pa t janm wè yon dife bèl konsa. Dife a... Yon boukan men gwosè... Tèt Malis t ap vire... Dife a t ap danse kòmsi se t on likid ki t ap eseye koule pou l monte nan syèl la... Malis friz... San l glase nan venn li...
Bouki t ap danse nan mitan flanm yo.
Nan chak pa l, te genyen lavi ak lanmò. Li pa t ap danse sèlman. Nanm li te an amoni ak monn nan, e dans lan t ap mache nan kò l tou natirèlman. Fanmi ki t ap antoure l la te rekonèt li kòm mesaje yo. Yo t ap selebre enspirasyon l e li t ap pataje ekstaz li avè yo. Nan moman sa a, li te santi l sou ak lajwa. Yo te fè l sonje vre non l. Yo te akeyi l lakay li... Antanke Gede.
Ti Malis te fè kò l piti nan kannòt la. Li te sèten Bouki t ap boule tou vivan, e se te fòt pa l. Li te paralize devan posiblite pou l pèdi tout sa l te janm ye. Nèg pi entelijan an. Nèg ki gen rezon an, nèg ki miyò pase lòt yo. Nan dezespwa l, li kite lanmè pote l ale... Pandan yon flè t ap fleri nan kè Bouki, yon lòt t ap chèch nan kè Malis.
Se konsa yo chak t ap kòmanse nouvèl istwa pa yo, toujou ansanm nan menm rèv la. De pati yon menm mouvman. De aspè yon menm lavi. Poukisa yon moun ta choisi youn pase lòt la ? Chak moun gen pou yo rekòlte, e chak moun gen kapasite pa yo pou yo aprann kiltive ak konsyans.
Dapre ou, kisa sa gen pou wè ak lanmou ?
Remerciements
M ap remèsye
Marie Rodny Laurent
Pou gwo sipò li ban mwen nan jefò pou m onore lang nou
nan redaksyon tèks sila a.